top of page

Leson # 2

6-12 janvye

MWEN WÈ, MWEN VLE, MWEN PRAN

 

Samdi apre midi

 

Etid semèn nan:

2 Korent 8.1-17; Matye 13.3-7, 22; Jenèz 3.1-6; Izayi 56.11; Matye 26.14-16; 2 Pyè 1.5-9.

 

Vèsè pou konn pa kè.a:

 

“Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.” Matye 13.22

 

Twòp moun renmen lajan ak byen materyèl ka parèt sou divès fòm. Ellen G. White bay detay sou konfyolo diab la fè pou pran nou nan pyèj byen materyèl:

‘’Ale, degaje nou pou nou soule propyetè gran don yo ak moun ki gen anpil lajan yo avèk sousi la vi sa.a. Pale yo de monn sa.a  tankou yon kote pou moun anvi rete, pou yo ka ranmase byen epi pou yo ka kole je yo sèlman sou byen latè. Nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou nou anpeche moun ki vle travay pou BonDye pran nan lajan. Paske si yo pa gen kòb yo pap ka konbat nou. Plis yo jwenn lajan, se plis yo ap retire moun nan men nou epi yo ap kase fòs wayòm nou an. Si nou reyisi konvenk yo ke li pi enpòtan pou yo ranmase lajan tan pou yo ap preche Levanjil ke nou rayi.a, alòs non pap krenn yo ankò, paske nou konnen tout moun egoyis, tout moun penng se nou ki kontwole yo. Konsa, tout moun sa yo ap separe de pèp BonDye.a.’’- Ellen G. White, Conseils à l’économe, chap. 31, p. 160, 161 (Tradiksyon pou RGDE).

 

Malerezman, pyèj sa.a byen mache. An nou gade pre ki danje ki gen nan bagay sa.a epi kisa Labib, pawòl BonDye.a di pou nou evite tonbe nan pyèj espirityèl sa.a.

 

Etyidye leson semèn sa.a pou jou saba 13 janvye.a.

​

​

​

​

bottom of page