top of page

Lendi 8 janvye 

​

Yon vizyon espirityèl ki pa klè

 

Nou pa gen bezwen Labib pou aprann nou yon verite ki deja byen klè kou dlo kòk: sousi ak richès nan lavi sa.a, se bagay ki la pou yon tan. Pa gen anyen ki dire isiba, epi pa gen anyen ki dire lontan. Se menm jan Pòl di li.a: «Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.»  (2 Korent 4.18). Kretyen yo soufri maladi nan je ki fè yo pa ka wè lwen chak fwa ke yo konsantre yo sou tèt chaje monn sa tan pou yo ta konsantre yo sou wout ki mennen nan syèl la. Konsa, ped ti bagay ka begle je yo pirèd toujou ke sa richès te ka fè yo. Te gen yon avèg ki te rele Helen Keller ki te di pawòl sa yo: «Moun ki plis rezon-l pou-l plenyen se moun ki wè epi ki pa gen okenn vizyon». Nan Labib.la, n’ap jwenn anpil egzanp konsa, kote moun nan gen deje kale, men nan zafè espirityèl, li se yon avèg.

 

«Gen deseri moun ki tèlman renmen monn sa.a ke sa bouche zòrèy yo epi anpeche yo tande laverite. Tout otan ke richès yo ap vin pi plis nan monn sa, interè yo pou richès nan syèl la ap diminye. Plis yo posede byen nan monn sa.a, se pi plis yo atache ak monn sa.a kòm si yo ta pè pou moun pa vòlè richès la nan men yo. Plis yo gen richès, se pi plis yo chich, paske plis yo posede, se plis yo santi yo pòv. O, ala bagay ka twompe moun se lè-w gen anpil richès. Moun sa yo vin avèg epi anyen pa di yo anyen nan travay BonDye».- Ellen G. White, Spiritual Gifs [Dons spirituels], vol. 2, chap. 35, p. 267.

 

Nan zafè espirityèl, lè yon moun pa wè klè sa ka lakòk li pèdi lavi ki pa janm fini.an. Sa pa ase pou nou wè lonbraj Jezi pase, men nou fèt pou nou gen de grenn je nou kole sou li.

 

Li Matye 13.3-7, 22. Poutèt ki danje Jezi di nou pou nou fè antanyson nan vèsè.sa? Poukisa sa se yon pyèj ki ka jete nenpòt ki moun, rich kou pòv?

 

Tou dabò, Jezi di nou fè atanyson ak ‘’tèt chaje nan monn’’ sa.a (Matye 13.22). Jezi konnen ke nou tout genyen tèt chaje, sa ka tèt chaje pou lajan. Moun ki pòv yo ap bay tèt yo pwoblèm paske yo pa gen ase lajan, moun rich yo ap bay tèt yo pwoblèm paske yo vle gen pi plis lajan toujou. Penga nou kite tèt chaje sa yo ‘’kouvri  Pawòl BonDye.a’’ (Matye 13.22) nan lavi nou. Epi, Jezi di nou pou nou fè atansyon ak ‘’richès yo paske yo ka twompe nou’’ (Matye 13.22). Se vre richès la pa yon move bagay pou kont pa-l, men li tèlman ka fè nou fè tenten ke nou ka rive pèdi.

 

 

Ki kalte tenten richès fè ou fè deja? Ki desizyon serye ou pran deja pou richès pa kontinye fè ou fè tenten?

​

​

​

​

bottom of page