top of page

Mèkredi 24 janvye

​

Vi lasajès

​

“ Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri. “ (Jn 17.3)
Se pa etonan ke kretyen yo di tout tan ke fwa-yo, se yon relasyon avèk Bondye. Si lè ou konnen BonDye se lavi ki pap janm fini.an,  konsa, nou kapab jwenn lavi nan relasyon avèk li. Sitou kominikasyon ap nannan relasyon-sa. Yè nou te wè ke BonDye kominike avèk nou gras ak Labib, pawòl li ya.


Nou menm kote pa nou, nou kominike avèk li lè nou ap priye. Kounye-a, daprè sa nou wè, se pou nou mete kè nou avèk entèlijans-nou nan bagay syèl-la, men pa nan bagay mond-la, konsa nou va komprann ke lapryè enpòtan. Fason lapriyè.a ye.a, li k’ap voye nou nan yon monn ki siperyè ak monn pa nou.an. Poutan menn la fòk nou pridan: pafwa pryè-nou yo tradwi espri egoyis nou-yo.Se pou tèt sa fòk nou prye pandan n’ap soumèt nou anba volonte Bondye.


Genyen anpil ane de sa, yon famm tap chante pawòl sa-yo: “O Senyè, ki sa-w panse si-w ta ban’m yon Mèsedès?” Fanm sa tap atake, nan fason pa-l, lide renmen byen materyèl ki egziste lakay anpil moun ki di ke yo kwè nan Dye.
Nou menn tou se pou nou asire nou kan nou ap priye nou soumèt nou anba volonte BonDye epi nou nou vire do bay monn sa.a. Asire nou ke chèche fè volonte BonDye,  non pa volonte pa nou.

​

Li Ebre 11: 1-6, Ki sa ki pi empòtan ki pou fè pati nan tout priyè nou yo ? Anplis, ki sa sa vle di vin jwen BonDye pa la fwa epi priye ak lafwa?

Si pa gen lafwa nan priyè nou yo, se nan yon bagay yo rele prezompsyon nou vin tonbe, sa vle di: yon bagay Satan fè ki sanble ak lafwa, men ki pa lafwa orijinal-la. Lapriyè ak lafwa mare ansanm, e se pou nou etidye-yo ansanm. Nan lapriyè lafwa genyen lasyans ki sòti nan BonDye. Se yon sians ke tout moun ki vle fè de vi yo yon reisite dwe konpramn. 


Kris di :” Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre. ”( Mak 11:24) Li fè nou konprann lè nou ap mande yon bagay, fòk li an akò avèk volonte Bondye. Se pou nou mande-l sa-l te pwomèt epi sa n’ap jwenn yo se pou nou itilize yo pou nou fè volonte-l.yon fwa kondisyon yo rampli, pwomès-la ap asire.

​

Egzamine vi lapriyè ou. Pou kisa  wap priye?
Kisa priyè-ou yo di sou sa ou bezwen annijans?
Pou kisa ankò ou bezwen priye?

 

bottom of page