top of page

Dimanch 7 janvye 

​

Levanjil ki fè zafè moun mache byen.an

 

Yon moun ki ap preche levanjil nan televizyon gen yon mesaj byen semp li t’ap bay: BonDye vle beni-w. Youn nan fason ou ka wè li beni-w se byen materyèl li ba ou yo. Nan sans sa.a, si ou fidèl, li ap fè-w vin rich.

 

Lide sa.a, oubyen lòt pawòl ki sanble ak li, pote non LEVANJIL KI FÈ ZAFÈ MOUN MACHE BYEN.AN. ‘’Swiv BonDye, epi li ap kouvri-w ak byen latè’’. Se pa lòt bagay sa ye ke yon move fason yo vle fè moun aksepte lide pou ou ap chèche san kanpe byen materyèl. Men bon sans pawòl la : «’Èske ou vle gen anpil byen materyèl ansanm ak yon konsyans trankil? Ebyen, nou gen ‘’levanjil’’ ou gen bezwen.an».

 

Poutan, mete Levanjil ak yon richès ki byen asire nan menm panye se yon movèz ide. Kwayans sa.a mal sonnen nan zòrèy moun ki konn Labib. Sa se yon pawòl egoyis, yon moso verite, yon moso manti ke nou di kòm si se te Labib ki te di li. Gen yon bagay nou jwenn nan tout peche ke n’ap jwenn nan menm pawòl sa.a: mwen menm, ak anvi pou mwen fè tèt mwen plezi anvan tout bagay.

 

Pawòl levanjil ki fè zafè moun mache byen.an fè-w konprann ke lè-w bay BonDye nan sa-w genyen, se yon fason pou ou asire richès materyèl BonDye ap ba ou.a. Si se konsa, BonDye a vin tounen yon machinn k’ap vide bagay ba ou, depi ou mete lajan li mande.a ladann. Si se ta konsa, al kote BonDye vin egal ak ale nan mache: «Mwen fè tèl bagay paske ou pwomèt mwen w’ap fè tèl lòt bagay pou mwen». Lè sa.a, si nou bay yon bagay, se pa paske nou konnen se byen pou nou bay, men paske nou gen yon bagay nou vle jwenn.  Se sa yon rele LEVANIL KI FÈ ZAFÈ MOUN MACHE BYEN.AN.

 

  • Li 2 Korent 8.1-7. Sak pase la? Ki prensip ou jwenn nan vèsè sa yo ki diferan de levanjil ki fè zafè moun mache byen an? Ki sa Pòl vle di lè li di nou pou nou ale nan menm sans avèk gras sa.a, gras lib e liben.an (2 Korent 8.7).

 

Moun sa yo te onèt, yo te gen men lejè, yo te konn bay sa yo pa genyen, malgre yo te pòv anpil (2 Korent 8.2). Vèsè sa yo vini pou pèmèt nou voye jete pawòl levanjil ki fè zafè moun mache byen.an ki ap fè moun kwè si yo an règ avèk BonDye, w’ap wè sa paske w’ap resevwa anpil byen materyèl.

 

Site kèk egzanp moun ki fidèl ak BonDye, men ki pa rich avèk byen latè. Apre sa, site kèk moun ki pa menm fidèl ak BonDye, epoutan ki plen ak byen materyèl.

 

Ki sa sa di nou sou zafè n’ap mezire benediksyon yon moun pa rapò ak kantite byen materyèl li geneyen?

​

​

​

​

bottom of page